Pou yon 2èm fwa, Ekip KMVM lan lanse yon lòt 2 èd tan pòt louvri pou tout Ayisyen vin Poze Kesyon sou KMVM dapre sa yo li oubyen tande sou li deja.
Etandone KMVM pa tolere dezòd, men kòman evènman an pral dewoule:
1) N'ap mande pou chak moun itilize kòmantè rezo LIKIN (LinkedIn) la, w'ap jwenn li anba afich piblisite a. Entèvenan an ap reponn chak kesyon. Konsa lòt moun ap ka reli yo epi enfòme tèt yo. Klike sou lyen sa pou ale sou paj kote evènman pral dewoule a:
Mennen'm sou LinkedIn
2) Evènman an ap dire 2 èd tan, si tout kesyon yo pa gentan reponn nan tan sa, KMVM ap reponn apre evènman an. Tout kesyon ap jwenn repons.
3) KMVM ap ankouraje tout Ayisyen ki enterese ak evènman an pou'l li anvan evènman an omwen 3 pati nan seri CUAP la sou sit entènèt sa. Konsa l'ap genyen anpil kesyon pou li poze. Nou vle moman sa dedye pou reponn dout yon Ayisyen ka genyen sou ekip KMVM lan sitou lè li fin pèdi lespwa ak Fo Pwomès anpil Fo Ayisyen bay. Sa fè tout Ayisyen koupe kout je sou Politisyen Ayisyen. M'ap tou pwofite di ou Ayiti pa genyen Politik ankò, kidonk pa genyen Politisyen ankò. Sonje mande plis eksplikasyon nan evènman an.
KMVM angaje pou li trase wout Meritokrasi a ki pral geri pou
TOUTAN GENTAN maladi Medyokrasi a k'ap manje pèp Ayisyen an, ki inosan. Sa li fè l'ap peye, pèsonn pa konnen.
Nou konte sou èd ou k'ap li teks sa pou fè lòt moun konnen li. Pataje li.