Lang natirèl se sous ak siman yon nasyon. Se pou sa nou chwazi kominike nan lang Kreyòl Ayisyen an. Kreyòl pale kreyòl konprann.
Timoun ak Jenès yo
Nou kwè nan fòs jenès la. Okenn peyi p’ap genyen avni si jenès la pase anba pye. Se timoun ki vin jèn demen.
Konesans ak konpetans
Nou kore tout moun ki genyen konesans ak konpetans epi ki vle aplike yo pou enterè AYITI. Konsa, nou pa bese tèt devan pèsonn sou latè.
Moun serye
Nenpòt manb nan ekip la ki vyole pwomès li fè a anvan li vin manb aktif KMVM, li otomatikman deyò kòm manb aktif. Nou pa aksepte kòb moun ki pa manb aktif. Pèsonn pa ka achte KMVM.
Teknoloji
Pa genyen posibilite pou okenn peyi devlope kounyea si moun k’ap dirije yo pa konprann ni itilize teknoloji. KMVM dòmi epi leve ak teknoloji.